Achtèdfigi

Achtèdfigi

respect
Achtèdfigi

Nou menm pèp Ayisyen, nou pa renmen moun di nou achte figi moun. Pou rezon sa a, anpil fwa nou konn pa menm vle fè jès koutwazi tout lòt sosyete fè nòmalman ant youn lòt. Nou pè pou yo pa di n ap achte figi moun. Nan okazyon fèt kreyòl M ap remete powèm sa a ki te ekri depi 2012 sou zafè sa a. Gen kèk jès m ap toujou fè ak moun menm si moun di m achte figi. 

 

Achtèdfigi

Si m vle achte figi yon nèg
M pa egare ni m pa avèg
M konn lè nèg ap fè enteresan
Pran pòz yo pa bezwen lajan
Poutan yap tcheke kòb la an sounwa
Pandan yap eseye fè mache nwa
Se vre mwen vle achte
Se vre lamama m pral dekachte
Men tou gen limit mwen pa ka depase
Mwen konn ki sa m ka depanse
Dabò se pa pou mwen map machande
Se pou ede moun mwen bay pri e mande
Si machann konprann mwen se yon ebete
Map tou pran kòb mwen m al achte lòt kote
Gen lòt machann ki pa si cheran
Si m fè pri ak yo kap byen kontan.

 
Si m achte figi yon nèg
Se pa paske m avèg
Men paske pou mwen li pi enpòtan
Pou m kanpe nan mitan
Ede tout moun viv ansanm
Olye pou map bwè akasan m
Pou kòm san m pa bay lòt yon lòsyè
Men bon machann ki bay djegi fè m fyè
Yo menm tou sanble yo fè komès
Pa pou yo benyen nan grès
Men pou ka ofri tout moun diyite
San yo pa oblije fè yo charite

Marc-Arthur Pierre-Louis, 2012

Leave a Reply

*

Catptcha Control *

Setting

Layout

reset default

Moderable web store