En programmation informatique, traditionnellement, le premier programme que l’on écrit au contact d’un langage est l’impression d’une salutation : « Hello, World! », ou « Allô, le Monde !». Une technique introduite par le professeur Brian Kernighan alors qu’il travaillait pour le géant de la téléphonie Bell Laboratories dans les années 1970. Le professeur Michel DeGraff y avait aussi fait un stage. C’est d’ailleurs ce qui l’a aiguillé vers la linguistique. La terminologie « Allô, le Monde ! » s’est ancrée dans le monde informatique si bien qu’un programme « Allo, le Monde !» veut tout simplement désigner le premier pas dans un langage donné de programmation, et par extension les abc d’une initiative quelconque. Nous publions donc ici, de façon analogique et réflexive « L’allô, le Monde ! » de la paracréolistique.
Alo
Nan domèn pwogramasyon enfòmatik, lè yo te fèk kòmanse ekri pwogram konpitè modèn yo, yon fason senp pou yo te ba w yon amòs osnon demontre sentaks yon langaj programasyon se te pou yo te fè pwogram lan enprime yon senp ti bonjou. Mezanmi nou konnen bonjou pa vann nan mache. Ou pral jwenn se pwofesè Brian Kernighan ki pral parèt ak teknik sa a lè misye t ap travay nan gwo laboratwa telefoni Bell Laboratories (Bell Labs) nan Murray Hill, New Jersey, oz Etazini. Sa te pwente depi an 1972, lè misye te konsevwa yon langaj pwogramasyon li rele B. Li te fè pwogram B a enprime « hello, world ». Nou te ka tradwi sa kòm « alo, lemonn ». Men teknik sa pral pran plis chè toujou an 1974 lè misye parèt ak yon lòt michan langaj programasyon li rele C. Langaj C sa a pral vin yon langaj ki pat rete ak langaj. Lemonn antye te vin fou pou li e yo pral itilize l devan dèyè. Nan sans sa a misye te gen rezon fè l enprime « Alo lemonn ! » lan vre paske pat gen yon peyi omond ki pat gen yon moun ki pa te ka gazouye oswa ekri kèk liy pwogram nan langaj djòl loulouz misye te rele C sa a. Jouk jounen jodiya langaj sa a ap taye banda toujou nan zafè ekri pwogram.
Men yonn nan kote langaj C a te achte mache a lajan kontan e itilize anpil se te nan zafè telefoni. Se te lè enfòmatik te vin ap modènize telefoni, kote w pral jwenn ou ka wè nimewo telefòn moun k ap rele w la, ou ka resevwa plizyè apèl on grenn kou, elatriye. Tout teknik sa yo se nan langaj C yo te enplemante yo nan sant telefonik yo. Lè m di nou sa a, konpayi Bell Labs la te vin bèl ti gason nan zafè itlile langaj C sa a, pou l te mete telefoni anpenpan. Pa bliye ke pwofesè Brian Kernighan se pou Bell Labs li t ap travay.
Kòm mwen menm nan ane m te fèk kòmanse yo m pat konn langaj B a, se C a m te konnen, m ap mete pou nou ti pwogram orijinal profesè Kernighan an pou nou nan langaj C a:
main() { printf(“hello, world”)1;
}
Ki fè la a, lè yon moun di w pou w ba l yon ekzanp « Alo Lemonn ! » li vle di w pou ba l yon ekzanp senp e fasil a konprann. Li vle mande w pou ba l yon lòsyè ki pap ba l gonfleman, yon senp ti goute. Mesye o, sa k ta di si ti pwogram « Alo Lemonn » pwofesè Kernighan an ta vin gen aplikasyon l menm nan parakreyolistik! Fòk nou di tou ke Bell Labs, kote premye « Alo Lemonn ! » lan te parèt la, se la tou ke konpatriyòt nou pwofesè Michel DeGraff te vin devlope enterè akademik pou lang kreyòl2 la. Se pandan Misye t al fè yon staj la, li tou tonbe pou kreyòl ak lengwistik. Kidonk « Alo Lemonn » se yon fason analojik ak refleksiv pou nou entwodwi parakreyolistik. Moun yo vin pran « Alo Lemonn » lan e ba l siyifikasyon de yon entwodiksyon osnon yon amòs nan yon bagay. N ap tou pwofite tou voye gwo kout chapo bay pwofesè Kernighan, ak pwofesè DeGraff, ak tout Bell Labs nan Murray Hill, New Jersey, pou kontribisyon yo pou bay jarèt ak lang kreyòl, ak tout parakreyolistik.
__________________
Nòt
[1] KERNIGHAN, Brian, Programming in C – A Tutorial, https://www.bell-labs.com/usr/dmr/www/ctut.pdf
[2] Michel DeGraff pale sa anpil kote. Nan yon antrevi l te bay a sit Study.com, men ki sa misye te reponn lè yo te poze l kesyon « kilè w te vin enterese pou w etidye e anseye lengwistik? » It’s an unscripted story. In college I never thought about linguistics as a career. I earned my bachelor’s degree at the City College of New York in math and computer science. Then I had an internship at Bell Labs in Murray Hill, New Jersey. At Bell Labs, I was writing computer programs for linguists and researchers studying artificial intelligence – the goal was to teach human languages to computers. In fact, the computers taught me about my own language. Men tradiksyon an : Se pat yon bagay ki te planifiye. Lè m te nan inivèsite m pat janm panse pou fè karyè m nan lengwistik.Mwen fè lisans mwen City College nan New York nan disiplin matematik ak syans enfòmatik. Lè m fini m t al fè yon staj an Bell Labs nan Murray Hill nan New Jersey. Nan Bell Labs mwen t ap ekri pwogram konpitè pou lengwistik ak chèchè nan entèlijans atrifisyèl. Objektif la se te pou anseye konpitè yo pou yo pale lang moun. Ojis menm se konpitè yo ki te vin anseye m pwòp lang mwen. Se yon antrevi ke Michel DeGraff te bay Megan Driscoll
Avan gou wa agase’m. Mwen seten ou devlope li nan liv la le ou antre nan nannan koze ya, mem pou kiryozite pa’m, mwen t’ap renmen konnen depi nan pot kwizin nan ki sa mo “parakreyolistik” la vle di; san antre nan trop detay.
An pasan, mwen wete shapo devan’w pou gro kokenn efo sa’a ki pral fet la’a kote mwen antisipe ou pral pale de gro syans nan sel lang tout Ayisyen pale ya.
Mwen seten nou pral we fenome’n sa’a souvan nan tan k’ap vini yo. Sa vle di gen anpil mo, tem, ekspresyon tou nef, anfen sa lengwis yo rele neyolojism yo, ki pral antre nan lang ayisyen yan. Mwen swete ke syantis yo, kreyate yo, plimeyank yo ap we nesesite eksplike nouvo mo sa ann ouvran lapot, pou yo tou lage bet la man sevel moun ki pale Ayisyen selman yo depi anle…
Ba li bwa, Shofe! Kenbe fem.
Ig
Men yon definisyon: Paracréolistique
Technique d’écriture où un texte contient au minimum deux parties : un manifeste qui annonce les grandes lignes, écrit dans une des langues de bastion (francais, angalais, espagnol), et la charge utile (ou texte de developpement) qui est le plus souvent rédigée en créole dans le but d’encourager la familiarité avec la lecture et l’écriture du créole.
salut m deja ap etidye yon langaj ki rele c++. sou entenet .
kote wap etidye .
Part #1 – [Théorie] Découverte de la programmation en C++
Part #2 – [Théorie] La Programmation Orientée Objet
Part #3 – [Pratique] Créez vos propres fenêtres avec Qt
Part #4 – [Théorie] Utilisez la bibliothèque standard
Part #5 – [Théorie] Notions avancées
Kenbe la.