![]() Bob Dylan vient de recevoir le Nobel de Littérature. Le monde littéraire en est bouleversé. Nous présentons ici une traduction en créole d’un article du New York Times. L’article se termine sur ces mots: “Bob Dylan n’a pas besoin d’un Nobel de littérature mais la littérature a besoin d’un Nobel. Cette année elle n’en a pas reçu un.” Li merite tout Gramy li resevwa yo ak pri lifetime achievement (reyalizasyon pou tout lavi) li resevwa an 1991. Pa gen okenn dout misye gen plas li nan panteyon gwo mizisyen Rock and Roll kote yo te mete misye an 1988 ansanm ak gwoup Supremes, Beatles, ak Beach Boys. Misye se yon kokenn mizisyen, yon konpozitè e pawolye nan nivo mondyal e misye se yon pèsonaj ki gen yon katafal enfliyans nan kilti Ameriken yan. Men bay la bay misye pri ya, se yon ekriven li tou pa bay li e chwa sa a se yon chwa ki dezapwente moun. Wi mesye Dylan se yon michan pawolye. Wi misye te ekri yon liv pwezi an proz e yon otobiyografi. Wi li posib pou analize pawòl chante l yo tankou pwezi. Men ou pa ka detache tèks misye yo de mizik li. Misye gran paske li se gran mizisyen, e lè komite Nobel la bay pri literati ya a yon mizisyen li rate opòtinite pou l onore yon ekriven. Lè nou gade jan lektì ap bese nan lemond, pri pou literati yo vin pi enpòtan ke yo te janm ye deja. Lè yon otè pran yon gran pri sa vin fè plis moun pral li otè ya e plis liv li pral vann, menm si li te deja yon otè tout moun konnen. Sa k pi rèd la si se yon womansye osnon yon powèt ki resevwa pri Nobel la, sa vin konfime ke fiksyon ak pwezi toujou gen enpòtans yo e yo se aktivite imen ki merite pou lemond antye rekonèt yo. Mizik popilè fè pati aktivite ki merite pou rekonèt konsa tou wi men yo deja ba l onè l merite pou sa preske tout kote sa ta dwe fèt. Apa de kèk pri yo bay nan mizik pou moun ki li tèks , pyès moun pa atann yo pou se ekriven ki jwenn pi gwo onè yo nan domèn mizik – nou pa bezwen met nan tèt nou n ap janm wè ekriven tankou Zadie Smith osnon Mary Gaitskill nan panteyon Rock and Roll la. Li probab se pa meprize komite ya te vle meprize fiksyon ak pwezi lè l te fè chwa sa a. Li ka se yon lòt fòm kilti komite ya te vle adisyone nan pri ya pou l te ka fè l enterese lajenès. Men gen anpil lòt fason yo te ka fè sa e onore yon ekriven an menm tan. Yo te ka chwazi yon ekriven ki te fè anpil inovasyon enpòtan nan fòm ekriti li, ekriven tankou Jennifer Egan, Teju Cole oswa Anne Carson. Yo te ka chwazi yon ekriven nan peyi ki anvwa devlopman yo ki malerezman preske pa gen okenn moun lakay yo ki janm loreya pri ya. Yo te ka pran yon otè ki travay pou genyen fanatik ki plis sou Nèt la, tankou Warsan Shire, ki se premye Loreya pri Young Poet (jèn powèt) nan Lond an 2014. Olye de sa, komite ya bay pri ya ak yon nonm ki gentan onore onivo entènasyonal nan yon lòt domèn, yonn ki genyen yon dividal pri deja. Bob Dylan pa bezwen yon pri Nobel literati, men literati bezwen yon pri Nobel. Ane sa a li resevwa yonn. Anna North, New York Times Se Marc-Arthur Pierre-Louis ki tradwi atik sa a an Kreyòl. Source: |
Recent Posts
- Le créole à la CARICOM, plus sûr que le français March 28, 2018
- Créole de qualité: Ekri Kreyòl nan bon ti mamit March 26, 2018
- Le sourire Naomi: Naomi Osaka fè Ayisyen souri March 23, 2018
- The wrestling candidate May 25, 2017
- Une Jean Michel Basquiat vaut plus que $110M May 19, 2017
- Kout chapo parakreyolistik; Paracréolistiquement vôtre January 1, 2017
- Monique December 20, 2016
- Le créole source de régression académique December 14, 2016
- L’essai “Paracréolistique” sera lancé à la FILAH December 3, 2016
- Les mots de Castro sur Haïti en 2010 November 27, 2016
- Before you fire your pollsters November 17, 2016
- Flè sezon November 15, 2016
- Gwojemoni October 29, 2016
- Achtèdfigi October 27, 2016
- Un bouffon pirate la Russie October 25, 2016
- Piratage courriels et élections américaines October 21, 2016
- Men Pouki Bob Dylan pa merite Pri Nobel literati ya October 17, 2016
- Un petit mot sur le PIB September 15, 2016
- Pouki tout bri sa yo sou WhatsApp? September 2, 2016
- Haïti Numérique 2030: Un éclair de génie August 9, 2016
- Protected: WordPress 4.5.3 Français et document July 22, 2016
- Grann ak Leta July 3, 2016
- L’ineffable métamorphose attend notre sursaut June 3, 2016
- Eric Jean-Baptiste en campagne May 11, 2016
- SamaraBob March 20, 2016
- Allô – Alo March 16, 2016
- Les villes du monde à la meilleure qualité de vie: 2016 March 5, 2016
- Copa America: On y va February 22, 2016
- L’injustice place Privert en troisième division February 17, 2016
- Le forcing Privert February 14, 2016
Recent Comments
- admin on Le créole source de régression académique
- Le français en Haïti, un stigmate du passé colonial • ET SI ON EN PARLAIT on Le créole source de régression académique
- admin on Allô – Alo
- kensy jolicoeur (tutous) on Allô – Alo
- Guetchine on Le créole source de régression académique