La rédaction d’un texte est un travail ardu. Il faut écrire selon les règles de la langue. Il y a des risques lorsqu’on écrit mal. Avant de publier, il est préférable de faire réviser le texte par un tiers. L’Haïtien qui écrit en créole se doit de laisser la bonne impression qu’il maîtrise sa langue.
Lè w redije yon tèks pou konsomasyon piblik gen yon estanda ki pèmèt moun jije nivo edikasyon w, kijan ou konprann anviwonnman w ap viv ladan l lan, e ki swen w pran pou w kite yon bon enpresyon sou lektè w yo. Gen kèk règ ou dwe swiv. Si yon tèks gen anpil fot, li kapab irite lektè w yo e menm riske fè yo fè yon kanpo sou lekti a, lakòz ou rate objektif ou te vize a. Yo ka pa pran w oserye. Lè lektè a wè twòp fot, li vin pa ka konsantre sou fon tèks la ankò paske li vin distrè. Se konsa l ye nan tout lang. Lè tèks la ekri byen, se ak plezi lèktè yo ap li l, se pa yon maswife y ap monte.
Pou l evite anpil fot, redaktè a dwe travay di, li tèks la anpil fwa menm si l gen korektè otomatik sou òdinatè l. Anvan w pibliye yon tèks, fè yon lòt moun zyete l, paske lè w gade yon tèks ou ekri anpil, je w vin abitye ak fot yo. Yon lòt moun ka pi fasil detekte sa w rate. Anvan w pibiye yon liv, anpil moun travay sou li, fè twalèt li pou elimine fot ki ladan l. Kwak sa genyen kèk yo konn rate. Yo ta dwe minim.
Yon Ayisyen k ap ekri kreyòl dwe swiv òtograf kreyòl la si l pa vle pou yo jije l mal. Lè l ekri franse oswa angle li fè anpil atansyon paske li pa vle ekri tenten. Li pi lèd lè se Kreyòl epi w ap komèt fot sou fot. Estereyotip la di Ayisyen pa respekte Ayisyen parèy yo, yo plis respekte blan. Malerezman fason anpil Ayisyen ekri Kreyòl la bay estereyotip sa a jarèt. Yo pa pran l pou anyen paske se pou yo l ye. Defen manman m toujou repete “tout sa k merite fèt, merite fèt byen.” Si w ap ekri kreyòl fòk ou ekri l byen.
MAPL