Mwen ofri nou yon chante Francis Cabrel ki rele « Hors Saison. » Nan chante sa misye ap dekri nostalji ki anvanyi yon vil bò lanmè kote moun konn al pase vakans. Lè se pa sezon vakans, tout bagay mouri nan vil la. Pa gen anyen k ap fèt, vil bèbè, tout moun ale, zèb leve nan kay, pa gen moun k ap pran swen anyen, se tristès, vag lanmen ap fè bri men pa gen moun pou tande yo, ou ta di se yon chante k ap chante epi van an brote l ale, ou pa menm ka konprann mo yo, yo san sans pou ou, lavi sove kite vil la. Vil la pa menm brannen, l ap fennen, l ap depafini, ou ta di lanmè ya soti pou l fè vil la moute yon ma swife tèlman l ap souke l. Faktè mèt pote lèt, pa gen moun ki pou li yo, ki fè lèt yo anpile devan pòt yo, san yo pa menm ouvè. Se nan fen chante ou pral wè sezon misye dekri ya se sezon yon renmen ki ale. Tout chante lanmè ya ap chante ya se non moun li renmen an k ap nonmen. Tout lèt misye yo anpile devan pòt moun sa a, li pa la pou l menm okipe yo. Ki moun moun sa a ye, se nenpòt moun ki gen kapasite pou resevwa osnon bay renmen, men renmen sa a ap gaspiye, li pap rive nan lye kote l ta dwe rive ya paske sezon renmen sa a ale. Se pi gwo lapèn.
Mwen fè yon adaptasyon chante sa a an kreyòl. Li dekri yon nostalji, yon tristès yon flè sezon ki ale. Li reprezante yon lapèn ou genyen de yon bagay ki chè pou ou ki ale, ou te panse w te ka genyen l avè w tout tan men elas li pa la. Flè sezon an disparèt. Yon van pase sou li, li pa la ankò, ou gade kote l te ye a ou pa menm ka rekonèt li, jan David ta di l. Sa lage w nan yon eta kè rache, sa Ameriken yo ta rele « blues.» solèy ou ale, anyen pa enpòtan pou ou. Se sèl flè ki ta konsole w men flè sezon w ale. Se yon flè sezon. Se yon flè dizè.
Mizik Cabrel la ak tout pawòl yo eksprime avèk anpil elokans emosyon ki anvayi yon moun lè flè sezon w ale, lè w pa nan sezon w e tout sa eta sa a pote nan nanm yon moun. Li reveye powèt k ap kabicha anndan chak moun. Li lage nou nan ekzamèn. Mwen espere pawòl kreyòl yo to ka penetre nanm ou pou fè w santi yon santiman ki komen ak tout moun k ap viv.
Tande l byen. M ap panse ak tout moun flè sezon yo abandone yo.
https://www.youtube.com/watch?v=AB–0TJUU1o&list=PL9F7DE904F811326A
Hors Saison | Flè Sezon |
C’est le silence Qui se remarque le plus Les volets roulants tous descendus De l’herbe ancienne Dans les bacs à fleurs Sur les balcons On doit être hors-saison La mer quand même Le vent transperce Une ville se fâne On pourrait tout prendre La mer quand même Une ville se fâne Francis Cabrel |
Se yon silans ki Lou pase yon pwa senkant Kay la vid mezi se moun ale Vye zèb pouse rive anvayi Galri tout kè Flè sezon ou ale Vag lanmè yo menm Gwo van absans ou Lavil nanm mwen nan fè nwa Yo te mèt pran tout Vag lanmè yo menm Lavil nanm mwen nan fè nwa Francis Cabrel, adaptasyon krèyol MAPL |