Grann ak Leta

      La Grand Mere et l'etat - Marc-Arthur Pierre-Louis

Klike sou flèch la pou tande odyo a…. Cliquer sur la flèche pour auditionner l’audio.

« Voler l’état n’est pas voler » est une maxime d’Alexandre Pétion. Néfaste et dans plusieurs domaines. Un ami à moi en fit une expérience avec les petits-enfants d’une commerçante de province. Ces enfants venaient de Port-au-Prince dans le petit bourg où nous vivions, dit-il, lui demander de fortes sommes d’argent. Ses dons ne leur étant pas suffisants ils attendaient qu’elle parte au marché vendre ses produits pour faire une descente dans son entrepôt et liquider ses produits aux gens du quartier qui s’alignaient pour s’accaparer, pour une pitance, du fruit de ses durs labeurs avec la complicité de ses petits-enfants avides et cupides. Personne ne rapportera à la commerçante les malversations de ses petits-enfants. Au contraire on attendait leur prochain retour pour frauder sa voisine. Cette société qui infligeait aux voleurs surpris dans les champs les souffrances les plus atroces n’avait pu voir qu’elle se faisait complice du vol des produits de la commerçante. Une fois parvenus dans l’administration publique ces enfants continueront sans doute dans l’escroquerie des biens de l’état comme ils firent leurs premières armes dans les biens de leur grand-mère. Le pays doit cesser de récompenser et d’honorer les escrocs contrairement à ce qu’il fit pour trois des condamnés du procès de la consolidation qui devinrent tous, tenez-vous, des présidents de la république ! Il faut enseigner à la génération montante que voler l’état comme voler sa grand-mère c’est creuser la tombe du pays et creuser la sienne.

Prezidan Petion kite yon siga limen nan de bout pou nou nan mantal nou. Li di « vòlè leta se pa vòlè ». Men sanble nou ta ka aplike panse sa a a plis ke leta wi. Mantalite sa a gaye nan anpil lòt domèn kote l sanble tounen yon giyon ak yon pichon ki kole nan wèl peyi ya tankou yon gonm ak yon mastik. Ou ta di son klou oubyen yon abse. Men sa yon zanmi di m. Sou katye m te rete a te gon komèsant pwodwi premye nesesite tankou savon, lwil, mantèg, pwav, farin, elatriye. Madanm sa a te konn al vann nan mache ya e kòmès la t ap bay anpil randman. E mache pa t lwen lakay nou. Dam sa a se te gwo zouzoun nan katye a. Li te gen anpil pitit ak pitit pitit ki te rete Pòtoprens. Pitit pitit li yo te konn pase nan ti zòn lan vin ravitaye yo nan men l.

Lè pitit pitit yo vini kon sa, yo te konn ekzije grann lan e mete anpil boul nan pwa l pou l simaye gwo kòb nan pòch yo pou yo tounen Pòtoprens. Men yon komèsant ki konn kòb, hum, sa pa debouse fasil non. Retire kòb sa a se kòm si w ta mete l chita sou yon chèz dantis pou rache dan l. Men timoun yo se te pitit pitit li yo te ye e nou konnen grann yo toujou renmen fè kè pitit pitit yo kontan e menmm gate yo. Grann sa a pa t gate yo, non men l te toujou pase men nan men yo kwak sa yo te ekzije ya li pa t fin ba yo l nèt. Li te eseye jere yo yon fason pou l pat bay komès la ni grip, ni tèt fè mal. Paske sanble komèsant la te prime sou grann lann lan men las te koupe wa nan jwèt kat twa sèt. Manmazèl pa t pran nan presyon ti mesye dam yo. Yo menm menm, yo te mouri poul yo, paske yo te konnen ki kote yo t ap pran grann. Manman pa t la, fòk yo te tete grann kanmenm. Depi granmoun lan fè sa li met deyò al nan mache, lekòl te tou lage. Ti moun yo pa t fè ni de ni twa, se te antre nan depo lanmè ya, se te pran machandiz li yo, epi likide yo a ba pri bay moun katye yo. Yon rado brik savon Rozita, galon lwil, aran sale, gaz, sik, bè Chalonè, tout bagay te bay a vil pri. Moun sou katye yo menm pa t pèdi tan ap fè pri, yo te tonbe pran pwodwi granmoun lan yo nan men ti moun yo san gade dèyè. Lè kon sa se sou de ran moun te kanpe pou yo te pote boure. Timoun t ap ravitaye, katye t ap ravitaye. Pwodwi grann yo t ap pèdi lavi yo lit lit. Tankou se yon bann aloufa, ti atoufè yo te boure zo bwa dan yo byen long nan komès granmoun lan nan yon konminezon matchavèl ak yon katye ki te saf, afre, devoran, e voras dèyè zafè granmoun nan.

Lè sa a m t ap poze tèt mwen kesyon ki jan fè ti moun sa yo te gen kran kon sa, m t ap di tèt mwen ki jan ti moun sa yo pa t pè pou yo t ap fè gwo bagay sa a devan tout moun kon sa, m t ap mande m si yo pa t krenn pou granmoun lan vin konn vòl la. Se te a je klè, gwo midi komès granmoun lan t ap depatcha wi, tout moun te okouran wi. Se te timoun ant kenz e dizwit lane ki t ap fè travay sa yo, se yo k t ap fè aksyon sa yo. Pil granmoun yo ki t ap achte nan men yo a pa t gen okenn pwoblèm pou pran bagay madanm lan nan men yo, menm lè yo te konnen se pliche yo t ap pliche do l. Yo pat gen pye machandis se p a t yo k mande ti mèt dam yo antre nan depo grann lan. Tout moun t ap met nan kò yo nan komès granmoun lan. Pyès moun pat di kwik a madanm lan, se te je wè bouch pe. Chak moun te pran ti machandiz pa yo nan piyay la. Okontrè menm se tann yo t ap tann kilè ti mesye dam piyajè sa yo t ap tounen vin dechèpiye grann yo ba yo ankò. Kidonk se te preske tout yon kominote ki te mare konfyolo ak yon klib ti koken pou fè sa k mal. Yo pa t reyalize si yo t ap kreye yon klima mefyans ant youn lòt tou. Ou tande yo di mò pa konn pri dra, se vre wi. Timoun yo pat konn pri machandiz yo, sèl sa yo te konnen se te mete kòb nan pòch yo. Poutèt sa, yo te bay machandiz yo pou po patat.

Pou jouk mwen kite katye sa a, m pa t janm tande madanm lan fè bri ak okenn moun deske li te pèdi machandiz li. Tout moun te kenbe sekrè ya. Pyès moun pa t di anyen e komès komokyèl ti moun yo t ap mache sou de chèz.

Ti moun sa yo pa t bay andeyò a regle nad marinad pou yo. Depi yo te parèt, tout moun te konnen ki operasyon yo te vin mennen. Lè yo te wè yo, se te dan griyen. Dayè tout moun te respekte yo kòm timoun lavil, men timoun lavil yo te ye a pa t fè yo te gon karaktè siperyè non. Moun lavil, moun entèlijan, se vre, men anpil fwa entèlijan an se pou yo kale tèt moun menm jan anpil entèlektyèl peyi ya se nan pran bagay moun yo pi fò. Men, moun andeyò yo pat gen okenn siperyorite moral sou yo nonplis. Se te yon asosyasyon malfektè ki te konpoze de timoun lavil ak granmoun andeyò ki te gen menm enterè, jwi byen san swe. Enben, nou tou wè ke pwoblèm lan pa t ni yon pwoblèm moun lavil, ni yo pwoblèm moun andeyò, se te tou senplemen yon pwoblèm moun li te ye. Se sa peyi ya genyen, pwoblèm moun.

Epoutan se nan menm ti sosyete sa a, si w t ap joure ak yon moun epi w ta pran chans rele l vòlè, si l te ka jwenn fè yon fen avèk ou li t ap fè l. Menm moun sa yo, si yo te kenbe yon vòlè nan jaden yo, tèlman yo t ap bat li fè figi l tounen balon foutbòl ou pa t ap menm rekonèt li non. E kòm sosyete sa a te renmen piyay tout moun t ap vin pran piyay nan figi vòlè ya wi. Dabò nou gen yon pwovèb ki di « bat li kon vòlè. » Men sanble nou gon lòt definisyon pou mo vòlè a wi. Sanble definisyon pa nou an se ou poko vòlè tout tan yo pa kenbe w. Li déjà klè ki sa timoun sa yo t ap remèt si lè yo ta vin gran ou ta lage yo nan yon depatman leta kòm kad. Depi yo tou piti yo te gentan fè yon dividal eksperyans nan zafè pran sa k pa pou yo, ou pa menm bezwen mande ki sa yo ta pral fè ak byen leta yo.

Timoun yo te gen je chèch. Yo pat gen okenn sousi sou ki jan moun t ap konsidere yo. Dayè yo te pratik preske tout moun. Pye bèf la lakay pratik !, hmm, kidonk, pa t gen okenn krent ke moun t ap pale yo mal oswa denonse yo. Se preske tout moun ki te gen je chèch la tou. Se menm je chèch sa a anpil moun genyen lè y ap fonksyone nan administrasyon leta. Lè m t ap grandi Pòtoprens li te preske nòmal si yon moun ta nan leta pou l ta nan fè kont mal taye. Ou te konn tande moun di li bezwen gen moun pa l anndan pou l te ka jwenn yon djòb leta pou l ka fè kòb li. Sa mande anpil fòs, anpil redi pou derasinen, deboulonnen, dechouke mantalite sa a lakay nou. Depi nasyon an fonde se kon sa l ap fonksyone. Se yon nasyon ki rekonpanse moun ki kòwonpi. Prezidan Nord Alexis te fè prose konsolidation kote ke yo te mete men nan pat kasab anpil gwo fonksyonè Ayisyen ak etranje pou eskwokri. Yo te kondane yo. Ou pral jwenn ke twa nan zotobre yo te kondane yo pral vin prezidan peyi ya : Cincinatus Leconte, koupab, kondanasyon prezidan ! Tancrède Auguste, koupab, kondanasyon prezidan ! Vilbrun Gillaume-Sam, koupab, kondanasyon, prezidan. Nan ki peyi pou w jwenn twa nèg, yo te kondanye pou vòlè, jwenn mwayen, pa yon grenn nèg non, twa nèg ki entèlijan, ENTÈLIJAN, e ki gen twou nan manch rive prezidan peyi sa a. Ti Natis, ti Crèd, ak ti Brun se chouchou nou yo ye, paske malgre dwèt long yo a, nou rale yo, nou di yo, ti mesye nou tèlman fè byen pou peyi ya, nou tèlman byen ede l vanse enben rale chèz boure a, chita sou li, n ap fè nou premye sitwayen peyi ya, vire dada nou jan nou vle, peyi ya se pou nou l ye. Hmm, alòske tout lòt peyi nan zòn lan ap avanse li lè li tan pou nou sispann ak mantalite twa degout, bakonyè, mèt dam, e dwèt long siperyè sa a ke anpil, men pa tout, nan lidè nou yo genyen. Sen Thomas d’Aquin te di « ou bezwen yon minimòm lavi alèz pou w ka poze aksyon ki gen bon kalite». Wi, tout Ayisyen ta dwe gen minimòm sa a, men ak minimòm sa a, si pa gen bonjan enstriksyon pou chanje mantalite sa a se va lave men siye atè wi. Fòk nou anseye timoun k ap monte yo ke ni vòlè leta ni vòlè grann se fouye twou met peyi ya e se antere pwòp tèt pa w an menm tan.

C’est un texte paracréolistique. Se yon tèks parakreyolistik. Marc-Arthur Pierre-Louis

7 Responses

  1. Flore Kelley
    Flore Kelley - at - - Reply

    This brought back some childhood memories for me and I truly enjoyed the gifts from above that God gave to you. Thank you for sharing your many talents.

  2. YANICK ZAMOR RODRIGUEZ
    YANICK ZAMOR RODRIGUEZ - at - - Reply

    Wow! A la gou! Boyon remontan an telman gou, kel mande rebise! Marc-Arthur P. L. chapo ba Poèt. Yon gro kout chapo pou chay ”ISTWA” saa. Pou chay verite sou tanbou saa ke-w pataje ak nou. Non sèlman pawôl yo gen pwofondè, Dizè a solid tou papa. Li pwan san-l mayimoulen-l banou lan bon ti mamit. Oh! se domaj memaw-m ap fè-m ti defo pa mal jounen jodia. Sinon mwen tap mande-w pèmisyon-w pou-m lage ”monolog verite” saa chak fwa-m ta gen chans patisipe nan spektak ou asanble a karaktè politik. Ou kwè se layite-m tap layite karako-m lan teks saa. Fôk chak gren-n mo yo ta tonbe nan zorey chak grenn koupab yo kou foumi fou. Encore bravo poète . Merci pour ce beau partage. Et au nom de tous les artistes engagés je vous dis chapeau Poète et interprète.

  3. Jasmire
    Jasmire - at - - Reply

    Maten an m leve ak nanm mwen tou chech, m pantkoo we kote m ta pwal jwenn yon ve dlo pou m deleye goj mwen, pandan m rafrechi paj fb mwen pou m we sa lepep pote pou mwne, se konsa m tonbe faspoufas ak teks odyo sa ke Makati PL pibliye… Ah le m di n sa mwen manje l, mwen bwe l, mwen fimen l… e nanm mwen rasazye silè. Sa se bon zenzenn nan matye edikasyon popile, se sou fom sa vre pou n edike pep nou an, timoun nou yo, nouvel jeneasyon yo, pou n atre bon jan mes, bon jan abitid nan kabes yo, pandan n ap antre nan nannan reyalite kiltirel byen fon. Se vreman ak mes yo, ta yo, defo yo, tout kwochi yo, ki make konsyans nou tankou estanp sou po bef, tout stigmat sa yo ki anpeche bon bagay vin otomatik lakay anpil nan nou, kote se plis move bagay yo ki ankre nan atitid anpil nan nou, se enpotan pou n chache eksplikasyon pou n konnen se pa yon miste sa ye, okontre se yon cheminman, se yon edikasyon tankou tout lot men yon edikasyon kwochi ki negativ anpil akoz de rezilta li repwodwi nan sosyete a… Bravo Makati, ou byen fe l, byen depoze l, e nou byen pran l tou. Bonakontinye!

Leave a Reply to Jasmire Click here to cancel reply.

*

Catptcha Control *

Setting

Layout

reset default

Moderable web store