Akrostich sa a se sou yon mo ke zanmi nou Serge Madhère adapte a mo franse hégémonie. Akrostich la ilistre mo sa a pou nou.
Nou felisite Serge pou mo gwojemoni sa a.
Genyen tout pou ou, toupizi piti yo pou li
Wete tout mwayen pou yo fè menm yon toli
Oblije yo mache sou lobedyans ou sèlman
Je w gwosè yon boul solèy toujou an mouvman
Etenn dife sa a se brote dlo nan paswa
Moun sa yo ki moun pa w yo alèz, yo tout swa
Ondire ti nanchon yo gen desten angrese w
Ne pou yo resevwa jouman an franse w
Istwa yo pap chanje si yo pa ka klase w
Marc-Arthur Pierre-Louis, 29 oktòb 2016