Naomi Osaka vient de gagner sur Serena Williams en deux sets: 6-3 et 6-2. Un exploit qui n’est pas des moindres considérant la stature unique de Williams dans le jeu. En maternité l’année dernière, Williams se reprend petit à petit mais cela ne diminue aucunement la dimension de l’exploit de l’Haïtiano-Japonaise qui, comme l’américaine, apparaît dans le monde du tennis dans des conditions extraordinaires. Les haïtiens sont particulièrement fiers de Naomi et caressent de grands espoirs pour elle.
Naomi Osaka fèk sot bat Serena Williams nan tounwa tenis Miami Open lan mèkredi 21 mas. Gwo zafè. Serena pa ti poul dèyè manman. Fenomèn. Li gen palmarès se sèl li ki reyalize l pou ni fanm ni gason. Kèk egzanp, se sèl li ki genyen 3 Gran Slanm 6 fwa. Se sèl li ki genyen 2 Gran Slanm 7 fwa (Wenble ak Ostrali), se sèl li ki genyen pase 10 Gran Slanm nan 2 deseni separe. Se pa ni de ni twa lòt estatistik ololoy li genyen nan ponyèt li.
Se kalte jwè sa a Naomi sot bat la a. Serena te akouche ane pase e konplikasyon yo te manke ale avè l. L ap reprann li men sa pa retite anyen nan kokenn chenn eksplwa Naomi fè lè l rive mete do Serena atè nan 2 sèt rapid rapid 6-3 ak 6-2.
Naomi fè kè Ayisyen kontan. Papa l Leonard François, se yon Ayisyen natif-natal ki marye ak yon fanm Japon. A, manmzèl voye Serena ale. Menm jan ak Serena, Naomi se yon jwè ki parèt nan sikonstans ekstraòdinè. Ou pa jwenn Ayisyen-Japonè fasil alevwa pou w ta jwenn yon Ayisyen-Japonè k ap kraze moun nan jwèt tenis. Parèyman, anvan Serena ak sè l Venus te tonbe ap vannen moun se ra jwè nwa ou te konn jwenn nan jwèt la. Serena demantibile tout estereyotip. Papa l te gen gwo vizyon e te pare de medam yo pou yo mache pran moun nan tenis. Leonard tou te pare Naomi ak gran sèl Mari pou yo bimen moun nan jwèt la. N ap swiv Naomi.
Nou swete Serena bon chans men n ap chofe Naomi pou l pote yon Gran Slanm ban nou nan jou k ap vini yo.
MAPL