
Les rumeurs sur WhatsApp qui va divulguer vos informations confidentielles sur Facebook sont largement fausses. La vérité est étalée ci-dessous en Créole pour consommation en substance.
Nan jou ki sòt pase la yo mwen te tande anpil bri sou zafè WhatsApp ki pral pran enfòmasyon w, e ponpe l sou Facebook, pou l mete tout zafè w deyò tankou foto yo pataje avè w, mesaj ou voye e resevwwa, elatriye. Mwen te deside al fè yon tchèk pou m wè eske se verite. Sa m dekouvri se gen yon ti zing nan enfòmasyon sa a ki verite men se pa bagay ki ta dwe fè w pèdi somèy pou sa. Men yon ti rezime de kolaborasyon WhatsApp ak Facebook la:
- WhatsApp se propriyete Facebook li ye (Facebook te achte WhatsApp kèk ane pase pou bon kou kòb)
- WhatsApp kripte mesaj ou voye e resevwa pou se ou ak moun k ap kominike ak ou yo sèlman ki ka li yo. Ni Facebook, ni WhatsApp, ni pyès lòt moun pa ka li yo.
- WhatsApp ap pataje nimewo ou te enskri sou WhatsApp la ak Facebook pou Facebook ka voye meyè reklam ba ou. Li ka pataje lòt statistik tou tankou a ki frekans ou itilize WhatsApp pou l ka kadre reklam li voye ba ou yo. Men nimewo w la se pou itilzasyon entèn Facebook sèlman, se pa pou l pibliye bay lòt moun.
- Si ou pa vle pou WhatsApp pataje nimewo w pou itilzasyon entèn Facebook e ou deja gen yon kont WhatsApp ou kapab defann WhatsApp fè sa. Swiv lyen sa a yo pou w fè sa: sa a (angle) ou sa a (franse)
- WhatsApp p ap pataje okenn nan mesaj ou yo, ni foto, ni odyo, ni videyo ou voye bay moun oswa moun voye ba ou. Bagay sa yo se bagay prive pa w yo ye.
Si ou vle gen plis detay sou enfòmasyon sa yo, mwen tradwi kèk pati sit WhatsApp ki diskite kesyon sa yo an kreyòl pou w ka byen konprann yo. Rès atik sa a se tradiksyon an.
Nap mete dokiman yo a jou pou nou di klèman ke nou deploye kriptaj soti nan moun kap voye mesaj rive nan moun k ap resevwa l la. Lè ou menm oswa moun ou voye mesaj la bay la itilize dènye vèsyon WhatsApp la mesaj yo tou kripte, e sa vle di se nou sèlman ki ka li yo. Menm si nou kowòdone plis ak Facebook nan mwa k ap vini yo, mesaj yo ou ki kripte yo ap rete prive e pèson p ap ka li yo, ni Whatsapp ni Facebook, ni pyès lòt moun. Nou p ap poste ni pataje nimewo WhatsApp ou ak lòt moun enkli enkli manm Facebook yo e nou pap vann, pataje ni bay nimewo telefòn ou yo ak moun k ap fè reklam.
Paske n ap kowòdone plis ak Facebook n ap kapab swiv statistik de baz yo tankou ki a ki frekans moun itilize sèvis nou yo e nap kapab goumen kònt spam (osnon pouryèl) sou Whatsapp. Lè nimewo w konekte ak sistèm Facebook yo, Facebook ap kapab ba w plis sijesyon zanmi e montre w reklam ki pi kadre avè w si w gen yon kont Facebook. Pa ekzanp ou ka wè yon reklam yon konpayi ou te déjà gen zafè ak li olye de yonn ou pat janm konnen. Ou kapab aprann plis e kijan pou kontwole ki jan done w yo itilize la a.
Ki enfòmasyon ki ap pataje ak Facebook e lòt konpayi ki nan fanmi facebook yo ?
Nou gen plan pou nou pataje kèk enfòmasyon ak Facebook e lòt konpayi ki nan fanmi Facebook yo, enfòmasyon ki ap pèmèt nou kowòdone plis pou nou ka fè bagay tankou goumen kon spam osnon pouryèl, amelyore eksperyans ke ou fè ak sèvis nou yo e sèvis Facebook yo ak tout fanmi Facebook la. Pa ekzanp lè w fin aksepte regleman jeneral ak tou regleman konfidansyalite nou fèk mete a jou yo, nou pra l pataje kèk nan enfòmasyon sou kont ou yo ak Facebook e lòt konpayi nan fanmi Facebook yo tankou nimewo telefòn ou verifye ak WhatsApp lè w te enskri sou li ya, ki dènye fwa ou itilize Whatsapp.
Pa gen anyen ou pataje sou WhatsApp, enkli mesaj ou yo, foto w yo, enfòmasyon sou kont ou, ki pral pataje ak Facebook ak lòt aplikasyon nan fanmi Facebook yo pou lòt moun wè. Sa vle di, pa ekzanp, ke malgre gen kèk enfòmasyon (tankou nimewo telefòn) k ap pataje ak Facebook, lòt moun ki sou Facebook p ap ka wè enfòmasyon sa yo. Epi tou lè ou menm ak moun w ap kominike ak yo itilize dènye vèsyon WhatsApp la, mesaj yo tou kripte sot nan orijin al nan destinasyon. Lè mesaj yo kripte sot nan orijin al nan destinasyon se sèl moun w ap kominike ak yo yo ki ka li mesaj yo.
Pouki ou pataje enfòmasyon ak Facebook e lòt konpayi nan fanmi Facebook la yo ?
WhatsApp fè pati fanmi konpayi ki nan Facebook yo and lè nou pataje enfòmasyon sa pèmèt nou kowòdone e ameloyre eksperyans ou ak tout sèvis nou yo and sèvis Facebook ak rès Fanmi ya. Pa ekzanp :
- N ap ka konte ak plis presizyon konbyen itilzatè inik nou genyen
- N ap ka goumen pi byen kont pouryèl e lòt abi yo
- Si ou itilize Facebook ou ka wè nou ba w meyè sijesyon pou zanmi ak reklam ki pi kadre avè w sou Facebook
N.B. Si ou deja gen kont sou Whatsapp ou ka chwazi pou w pa pataje enfòmasyon ki ap amelyore reklam Facebook yo e ekseperyans sou lòt pwodwi ak sèvis yo, ak Facebook. Tcheke lyen sa a (angle) ou sa a (franse) pou wè ki jan ou ka fè sa.
Marc-Arthur Pierre-Louis